Lajistis - Yon gwoup avoka eksprime solidarite ak nouvo Komisè gouvènman an, Rossevelt Cadet
92 minutes ago
Yon gwoup avoka eksprime, lendi 15 septanm 2025 lan, solidarite ak nouvo komisè gouvènman Pòtoprens lan, Mèt Rossevelt Cadet. Avoka sa yo fè konnen aprè 6 lane san asiz kriminèl, se nouvo chèf pakè Tribinal premye enstans Potoprens ki pral rann yo posib.
Pi lwen, yo kontinye denonse tout demach ki ta vize ranplase mèt Rossevelt Cadet nan tèt pakè Pòtoprens.