L’ambassade des Etats salue le déploiement de la FRG
110 minutes ago
Anbasad peyi Etazini an Ayiti di l akeyi dènye operasyon Fòs pou Konbat Gang yo (FRG) te mennen nan Tabarre. Pou anbasad la, operasyon sa se kòm yon prèv pwogrè ki fèt sou plan operasyonèl.
Operasyon sa a montre kapasite misyon an pou l kontinye ranfòse mwayen li yo pandan l ap mennen operasyon sou teren an menm tan. Sa montre apwòch pwogresif misyon an ap fonksyone jan li te prevwa a.
Etazini kontinye kanpe ansanm ak Ayiti ak pèp ayisyen an pou sipòte aspirasyon yo genyen pou yon avni ki pi an sekirite, ki pi estab ak ki pi pwospè pou tout moun, dapre yon nòt anbasad poste sou paj facebook li.











