Le Gouvernement d’Haïti réaffirme à l’ECOSOC son engagement en faveur d’un développement durable
11 hours ago
Minis Planifikasyon ak Koperasyon ekstèn lan, Sandra PAULEMON, reprezante Ayiti nan rankont Konsèy ekonomik ak sosyal Nasyon zini (ECOSOC), òganize 16 jiyè 2026 la, kote l te pale sou jefò pou kapab aplike ajanda 2030 lan.
Minis lan te eksprime vizyon gouvènman an, kote l mande pou adapte objektif devlopman dirab yo (ODD) ak reyalite peyi ki nan sitiyasyon vilnerab yo.
Responsab MPCE a pale sou refòm ki pou fèt nan mekanis finansman devlopman an, plis konsiderasyon sou peyi ki vilnerab yo epi yon koperasyon entènasyonal ki ale nan sans priyorite nasyonal yo.
Delegasyon an raple devlopman dirab la mache ansanm ak kesyon pou retabli sekirite, ranfòsman planifikasyon teritwa a, envestisman pwodiktif, kreye travay epi konsolidasyon enstitisyon piblik yo.
Manm delegasyon an te pwofite pale sou angajman peyi Dayiti pou kòmanse nan lane 2027, pwosesis egzamen volontè ODD yo. Yon inisyativ ki montre volonte gouvènman an pou gen bon jan gouvènans nan peyi a.











