Le Gouvernement engage une nouvelle étape dans la modernisation des infrastructures routières au Cap
99 minutes ago
Gouvènman an lanse, 15 jiyè a, travay pou asfalte twonson wout « Carrefour Aéroport–Boulevard Rue 5 », bò lanmè vil Kapayisyen depi pon ri 5 lan.
Se Ministè Travo piblik, transpò ak kominikasyon k ap egzekite chantye sa a ki montre angajman otorite yo nan Leta a pou modènize wout yo, soutni devlopman ekonomik epi ofri sitwayen yo enfrastrikti ki adapte ak reyalite peyi a.
Travay sa a ap pote amelyorasyon nan sikilasyon an epi ranfòse potansyèl ekonomik ak touristik dezyèm vil peyi a.











