Le gouvernement haïtien salue la reprise des vols commerciaux entre Haïti et la Rép. dominicaine
101 minutes ago
Ministè afè etranjè ak kilt salye desizyon otorite avyasyon sivil dominikèn yo pran pou rekòmanse ak aktivite ayeryèn ant Ayiti ak Repiblik dominikèn.
Operasyon vòl sa yo ta dwe rekòmanse apati samdi 30 me 2026 la, nan ayewopò entènasyonal Kap-Ayisyen an.
Se yon inisyativ ki vini aprè repriz dyalòg bilateral ant otorite peyi Dayiti ak Repiblik dominikèn, 17 avril pase a, selon sa yon nòt ministè Afè etranjè ak kilt presize.
Se yon mezi enpòtan k ap ede nan deplasman 2 pèp yo, ede rezoud defi ekonomik yo epi ranfòse lyen zanmitay 2 nasyon yo, daprè ministè Afè etranjè.











