Le PM échange avec la communauté haïtienne de Boston sur les défis et les perspectives d’Haïti
2 hours ago
Nan yon rankont li fè ak Kominotè Ayisyen k ap Viv nan Boston nan, premye minis Alix Didier Fils Aimé prezante prensipal aksyon gouvènman an ap antreprann pou retabli sekirite sou tout teritwa nasyonal la epi kreye kondisyon ki nesesè pou òganize, nan yon tan tou kout, eleksyon demokratik, lib, enklizif ak kredib.
Pandan Chita pale sila a, Premye Minis la mete aksan sou jefò Gouvènman an ap fè pou ranfòse kapasite operasyonèl Polis Nasyonal Dayiti ak Fòs Lame Dayiti, ki kontinye misyon yo pou retabli lòd piblik ak sipò fòs miltinasyonal k ap soutni sekirite epi k ap patisipe nan batay kont gang ame yo.
Chèf Gouvènman an salye tou atachman dyaspora a ak peyi natal li ansanm ak kontribisyon enpòtan li nan devlopman ekonomik ak sosyal Ayiti.











