Le PM rencontre la Représentante Ayanna Pressley et plaide pour le renouvellement du TPS

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Chèf gouvènman an, Alix Didier Fils-Aimé, ki te gen ak li minis afè etranje ak kilt la, Raïna Forbin, chita pale avèk palmantè ameriken an Ayanna Pressley, kote kesyon renouvèlman TPS yo te nan mitan diskisyon yo.

Se te okazyon pou Chèf Gouvènman an salye angajman Madam Pressley, espesyalman pou jefò li fè nan defann renouvèlman Estati Pwoteksyon Tanporè a(TPS).

Tou 2 pati yo mete aksan sou nesesite pou ranfòse lyen ki genyen ant Ayiti ak dyaspora li a.

Premye Minis lan te prezante tou prensipal priyorite Gouvènman an, tankou retablisman sekirite, ranfòsman Polis Nasyonal Ayiti ak Fòs Ame Ayiti, ansanm ak òganizasyon eleksyon ki kredib epi enklizif.

Li te ensiste sou enpòtans sipò kominote entènasyonal la pou Fòs Represyon Gang yo epi sou nesesite pou kontinye jefò k ap fèt pou retabli estabilite dirab nan peyi a.

Nan fen rankont lan, tou 2 pati yo dakò pou kontinye dyalòg la epi ranfòse koperasyon an nan enterè byennèt kominote ayisyèn yo, an Ayiti ak dyaspora a.

Retour en haut