L’exposition des enfants à la violence, une bombe à désamorcer
2 hours ago
Rezo òganizasyon kretyèn pou epanouyisman timoun yo (ROCHEPE) mande otorite yo ak òganizasyon k ap defann dwa timoun yo pran dispozisyon nan lide pou kapab pwoteje sante mantal timoun yo.
Oganizasyon an denonse zak vyolans gang kriminèl yo ki pa sispann teworize popilasyon an depi 5 lane, sa ki gen gwo konsekans sou lavi timoun yo, kote plizyè milye nan yo gen gwo difikilte sitou pou yo aprann lekòl.
Estrikti sa a raple espesyalis yo fè konnen zak vyolans yo chanje lespri ak kò sitou timoun yo epi mande ògàn Naszyonzini yo, aktè nan devlopman medya ak òganizasyon lokal yo fè jefò pou sansibilize tout konsène nan zafè vyolans nan sosyete a, ki gen gwo konsekans sou kondisyon lavi timoun yo nan peyi a.
ROCHEPE pale sou pwogram sikosoyal ak akonpayman imanitè enstans konsène yo dwe mete sou pye pou timoun yo ak fanmi yo ki sibi zak vyolans nan peyi a.











