MAEC / Rencontre de la ministre Raina Forbin avec des représentants des missions diplomatiques
98 minutes ago
Minis afè etranjè ak Kilt la, Raina Forbin, prezide, 15 ak 16 jiyè 2026 la, plizyè reyinyon travay ak responsab 57 misyon diplomatik ak konsilè ayisyen nan lide pou kapab ranfòse diplomasi ayisyèn lan.
15 jiyè a, minis lan te rankontre chèf misyon ki an Ewòp, Azi ak Afrik. 16 jiyè, li chita pale ak chèf misyon ki nan Amerik yo.
Chèf diplomasi a te pwofite prezante yo yon dokiman ki rele « Opportunités d’affaires en Haïti », ki pote presizyon sou priyorite gouvènman an pou remanbre ekonomi peyi a.
Se te okazyon pou minis lan pale sou kesyon modènizasyon diplomasi a, kreye yon platfòm nimerik pou sèvis konsilè yo, mete transparans epi amelyore kalite sèvis y ap bay sitwayen yo.











