Massacre à Kenscoff / Réaction du Gouvernement
106 minutes ago
Gouvènman ayisyen an pataje lapèn ansanm moun ki viktim nan kad masak bandi fè sou sitwayen nan komin Kenskòf.
Primati, atravè yon kominike, fè konnen Gouvènman bò chak Ayisyen nan moman doulè ak eprèv sa yo. Gouvènman bay garanti l ap bay repons ki apwopriye ak sa ki pase nan komin kenskòf la.
Nan sans sa, tout fòs sekirite nasyonal yo plase an eta alèt maksimal epi gen ranfò ki deja sou plas nan lide pou pwoteje, sekirize epi fè entèvansyon nesesè, daprè kominike Primati a.
Popilasyon an, sou bò pal, dwe gade Kalm li paske, daprè kominike a, gouvènman deja pran tout dispozisyon pou jere sitiyasyon an.











