MCC / Adoption du budget électoral
71 minutes ago
120 milyon dola ameriken se montan ki fikse pou reyalize pwochèn eleksyon yo, selon yon kominike ministè Kilti ak kominikasyon mete deyò, vandredi 3 jiyè a.
Selon nòt sa, 2 enstitisyon yo rive chwazi montan sila a aprè plizyè seyans travay 2 enstisyon yo reyalize.
Yo te travay tou ak apui teknik ministè ekonomi ak finans, ki te fè yon analiz an pwofondè diferan konpozan ki genyen nan bidjè a.
Kominike an presize tou, evalyasyon yo pran an kont egzijans lojistik ak òganizasyonèl pwosesis la an jeneral.











