MCC / Installation de Lucien Jura comme nouveau SE Communication
2 hours ago
Minis Kilti ak Kominikasyon an, Emmanuel Ménard, enstale, lendi 6 jiyè a, Lucien Jura kòm Sekretè Deta Kominikasyon.
Seremoni sa dewoule nan plizyè responsab nan administrasyon piblik la, kad nan ministè kilti ak Kominikasyon epi Sekretè deta kominikasyon sòtan an, Jean Willio Patrick Chrispin.
Nan okazyon an, Minis Ménard fè konnen li menm ak Lucien Jura pral ofisyèlman sèvi kòm pòt pawòl Gouvènman an. Li souliye nesesite pou ranfòse kominikasyon ant Leta ak popilasyon an, pou enfòmasyon yo rive pi klè ak pi rapid.
Minis la anonse tou plizyè pwojè enpòtan, pami yo kreyasyon yon « Mezon Laprès » ki vize bay sektè medya a yon espas modèn ak estriktire pou sipòte travay jounalis yo. Li fè konnen ministè a ap kontinye mete an plas lòt inisyativ pou devlope sektè kilti ak kominikasyon an nan peyi a.











