MENFP / Installation du Secrétaire permanent de la Commission nationale de coopération avec l’UNESCO
74 minutes ago
Minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, pwofesè Vijonet Déméro,enstale, madi 25 out la, pwofesè Prince NEPTUNE kòm sekretè pèmanan Komisyon nasyonal Ayisyèn koperasyon ak UNESCO.
Seremoni sa dewoule nan prezans minis afè etranjè ak kilt la Raïna FORBIN, sekretè deta moun andikape yo ak sekretè deta ak alfabetizasyon an.
Minis edikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl la, pwofesè Vijonet Déméro soulinye vokasyon Komisyon nasyonal Ayisyèn koperasyon ak « UNESCO » a se pwomouvwa nan nivo nasyonal lide yo, valè ak pwogram majè UNESCO. Edikasyon, kilti, lasyans, ou kominikasyon, se kèk pami chan entèvansyon UNESCO nan peyi a.











