MENFP - Lansman ofisyèl ane akademik ane 2025-2026 la
octobre 3, 2025 12:39 am
Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl lanse ofisyèlman, mèkredi 1e oktòb 2025 lan, ane eskolè 2025-2026 lan.
Se nan lise Nasyonal Jean Marie VINCENT nan komin Taba, direksyon depatmantal Lwès edikasyon nasyonal lanse ane akademik la.
«Restore otorite lekòl», se tèm ki kenbe pou ane eskolè sila, dapre responab yo nan Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl ki pwofite sansibilize tout aktè yo nan sistèm edikatif la pou ane lekòl la ka reyisi.











