MENFP / Osny Jean Marie / Résultats du bac
2 hours ago
Yon lot bò, direkttè jeneral MENFP a, Osny Jean Marie, bay rezilta bakaloreya pou 2 deptman.
Pou egzamen fen etid segondè yo, NS4, Depatman Lwès, sou 40 996 patisipan, 18 746 reyisi, sa vle di yon to reyisit 45,73%.
Depatman Nip: sou 4 086 patisipan, 1 649 reyisi, sa vle di 40,36%.
Pou egzamen ofisyèl Lekòl Nòmal Enstititè ak Jadenyè Timoun (ENIJE) sou 2 510 patisipan nan nivo preskolè ak fondamantal, 1 759 reyisi, sa ki bay yon to reyisit 70,08%.









