MENFP / Rencontre du ministre Vijonet Déméro avec l'ambassadeur de France en Haïti
119 minutes ago
Minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, Vijonet Déméro, chita pale, jedi 8 oktòb la, ak nouvo anbasadè fransè a an Ayiti, Gautier LEKENS, sou koperasyon ant Ayiti ak Lafrans nan domèn edikasyon, sitou atravè yon seri pwojè ki kòmanse egzekite.
2 pèsonalite yo te pale sou fòmasyon pwofesè yo, anseyman fransè a, rapwochman Alyans fransèz yo ak Inivèsite piblik depatmantal yo epi sant ansèyman teknik ki konsène yo.
Pwogram bous pou jèn yo kapab antre nan inivèsite fransè yo te nan diskisyon yo san bliye yon akonpayman teknik pou ajans nasyonal ansèyman siperyè ak rechèch syantifik, ranfòsman platfòm nimerik UPD yo epi yon apui pou pwogram kantin eskolè yo.











