MICT & FENAFEMH) / Lancement du concours national « Jeune mairesse »

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Ministè Enteryè ak Kolektivite teritoryal, nan tèt kole ak Federasyon nasyonal fanm majistra Ayiti (FENAFEMH), lanse ofisyèlman, lendi 27 jiyè 2026 la, konkou nasyonal jèn majistra.

Jèn k ap patisipe nan konkou sa dwe genyen ant 18 a 25 lane.

Minis Enteryè ak Kolektivite teritoryal yo, Paul Antoine Bien-Aimé, ki t ap patisipe nan lansman aktivite sa fè konnen Leta santral bay anpil enpòtans ak jènès peyi a. Li envite yo patisipe nan politik peyi a.

Sou bò pa l, sekretè deta kolektivite teritoryal yo, Sharina Lochard ankouraje jènès ayisyèn nan sitou fanm yo patisipe nan konkou sa k ap reyalize nan tout 10 depateman jewografik peyi a pou kapab enplike yo pi plis nan lavi politik peyi a.

Retour en haut