MJSAC Lancement de la table sectorielle de la Jeunesse

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik lanse, vandredi 17 jiyè 2026 la, Tab Sektoryèl Jenès la.

Aktivite sa a vize mete ansanm tout aktè k ap travay pou devlopman jenès an Ayiti. Inisyativ sa a dwe ranfòse kolaborasyon ant Leta, òganizasyon jèn yo, sosyete sivil la ak patnè entènasyonal yo pou defini pi bon politik piblik pou jenès la.

Nan diskou li, minis Jenès espò ak aksyon sivik la, Pythagore Dumas, fè konnen Tab Sektoryèl Jenès la, se yon etap enpòtan pou konstui yon gouvènans ki pi ouvè ak pi patisipatif.
Li te ensiste sou nesesite pou jèn yo patisipe nan desizyon ki konsène aveni peyi a.

Retour en haut