MJSP/ Délivrance du certificat de police/Dispositions pour les candidats prochaines élections
2 hours ago
Ministè jistis ak sekirite piblik anonse tout moun ki enterese, sitou sila ki vle kandida nan eleksyon ki gen pou vini yo, li pran dispozisyon pou delivre sètifika polis nan Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ) à travè peyi a.
Nan yon nòt ministè jistis mete deyò, li fè konnen tout dispozisyon deja pran pou garanti sèvis sa nan SDPJ yo.
Soti lendi rive dimanch swa 7 jou sou 7, enterese yo espesyalman kandida yo ap kapab al fè demand epi reklame dokiman sa.
Nan sans sa, ministè a pibliye lis notè ki agreye k ap pèmèt kandida yo ranpli fòmalite administrativ yo ki gen rapò ak demann epi resepsyon sètifika polis la.











