MRN - Mouvman an eksprime pozisyon l sou kriz sosyo politik k ap brase bil peyi a depi kèk tan
octobre 2, 2025 11:49 pm
Mouvman pou Rekonstriksyon Nasyonal (MRN) eksprime pozisyon l sou kriz sosyo politik k ap brase bil peyi a depi kèk tan.
Nan yon konferans pou laprès, mèkredi 1e oktòb la, responsab pati politik sila, pwofite denonse ensekirite a ak zak gang kriminèl yo ap kòmèt kont popilasyon an.
Kondonatè MRN lan, Sidoine Joseph, mande otorite yo fè yon jan pou amelye kondisyon pèp la.











