MSPP / Relocalisation de « HUEH » / Réactions du ministre Bertrand SINAL

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Minis sante piblik ak Popilasyon an, doktè Bertrand SINAL reyaji sou mouvman etidyan fakilte medsin yo te fè semèn pase a pou reklame staj yo nan lopital Inivèsitè Leta Dayiti a tout moun konnen sou non lopital jeneral.

Minis SINAL fè konnen pou kounyea y ap travay sou akizisyon yon lokal pou relokalize lopital jeneral.

Yon lòt bò, nimewo 1 MSPP a fè konnen espas sa ki twouve l nan ri Camille Léon an Leta te lwe a ap prepare pou resevwa fakilte medsin ak lekòl enfimyè.

Retour en haut