Nécrologie / 5 ans après l’assassinat Diego Charles / Sa famille réclame justice

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Fanmi jounalis Diego Charles eksprime kòlè ak endiyasyon yo akoz silans responsab lapolis ak lajistis yo 5 lane apre zak sasinay sou jounalis la nan lannuit 29 pou louvri 30 jen 2021 nan Kris Wa ansanm ak militant politik Marie Antoinette Duclair alyas Netty..

Dapre fanmi an, direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) ak lòt enstans konsène yo pa bay dosye a okenn enpòtans, pa gen okenn pwogrè ki fèt nan kad ankèt la.

Fanmi Diego Charles di yo regrèt konpòtman otorite yo epi mande pou limyè fèt sou dosye a, pou defen an kapab jwenn jistis, selon yon kominike fanmi Diego Charles mete deyò ki pote siyati Marie samuelle Charles ki se sè viktim lan.

Retour en haut