Nécrologie / Décès du prof Lainy Rochambeau /UEH / Note
75 minutes ago
Rektora Inivèsite Leta Dayiti salye memwa pwofesè Rachambeau Lainy ki mouri apre yon peryod maladi li te sipòte avk kouraj.
Defen an te pwofesè nan Fakilte Etnoloji nan UEH kote l te pase yon bon pati nan lavil ap anseye epi fè rechèch. Li te dirije laboratwa langaj, diskou ak reprezantasyon (LADIREP) epi l te pase plizyè lane nan Konsèy inivèsite a kòm reprezantan fakilte Etnoloji.
Pwofesè Lainy te yon ekriven, yon anseyan angaje nan etid langaj, kreyòl ayisyen an, pwosesis aprantisaj ak edikasyon enkliziv.
Defen an te kontribiye nan anpil rechèch nan inivèsite a. Rektora prezante kondoleyans bay fanmil, pwòch li yo, kòlèg li yo nan Fakilte Etnoloji, ansyen etidyan li yo epi tout kominote inivèsitè a.











