OFUEEED/Lancement d’un projet pilote sur les violences basées sur le genre
2 hours ago
Òganizasyon Fanm Ini pou Edikasyon Timoun Pòv yo (OFUEEED) lanse yon pwojè pilòt, madi 23 jen 2026 la, sou tèm « N ap aprann pandan nou nan kan!»
Selon Kòdonatris Jeneral OFUEEEDD lan, Elgivis Gina, pwojè sa a vize sansibilize kominote yo sou kesyon vyolans ki baze sou sèks, pwoteksyon kont eksplwatasyon ak abi seksyèl.
Li gen ladan li tou fòmasyon pwofesyonèl nan divès metye pou jèn fi ak jèn gason yo.
Yo fè konnen tou inisyativ sa a pral pèmèt patisipan yo devlope kapasite yo, jwenn zouti pou pwoteje tèt yo kont diferan fòm vyolans epi prepare yo pou fè fas ak egzijans lavi a, pandan y ap travay pou yo vin pi endepandan ekonomikman.











