Pakè Pòtoprens - Enstalasyon Mèt Fritz Patterson Dorval kòm nouvo Komisè gouvènman Pòtoprens
118 minutes ago
Mèt Fritz Patterson Dorval enstale kòm nouvo Komisè gouvènman Pòtoprens, madi 16 septanm 2025 la, nan plas Mèt Rossevelt Cadet ki pase anviwon 2 semenn nan pòs sa.
Aprè enstalasyon an, nouvo chèf Pakè Potoprens lan fè yon vizit gide nan espas tribinal epi bat bravo pou bon travay li di ansyen komisè Rossevelt t ap fe nan tèt pakè a.
Pi lwen, nouvo paketye a anonse li pral travay nan kolaborasyon ak tout moun pou rive reyalize tout travay ki te Komanse yo pou bay popilasyon an sèvis.
Ann koute youn aprè lòt nouvo komisè gouvènman an ak Ansyen komisè an, nan mikwo Makendy Victor ak Bernard Marseille.