PNH / Bilan des opérations réalisées

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Polis Nasyonal Dayiti prezante, madi 26 me 2026 la, bilan operasyon yo mennen, soti mwa mas rive mwa me 2026 la atravè tout peyi a, espesyalman nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.

Selon otorite yo nan lapolis, pandan diferan operasyon ak entèvansyon ki fèt kont gwoup ame yo, 118 moun te entèpele, plizyè prezime bandi mouri nan echanj kout zam ak fòs lòd yo.

Lapolis fè konnen li rive sezi plizyè zam, minisyon ak lòt materyèl ki te sèvi nan aktivite kriminèl yo.

Nan bilan an, responsab yo nan lapolis mete aksan sou operasyon ki fèt nan plizyè zòn sansib nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan, kote gang ame yo ap opere.

Yo esplike plizyè inite espesyalize te mobilize pou mennen operasyon sa yo.

Direksyon jeneral PNH la fè konnen operasyon yo ap kontinye sou tout teritwa nasyonal la pou reprann kontwòl zòn ki anba men gang yo epi retabli sekirite nan peyi a.

Responsab yo nan PNH mande popilasyon an kontinye kolabore ak fòs lòd yo lè yo bay enfòmasyon ki kapab ede nan batay kont ensekirite a.

Retour en haut