Primature /Réforme pénale / Vingt formateurs haïtiens en formation en France
76 minutes ago
Gouvènman an reyalize yon seremoni, lendi 31 dawout 2026 la, nan vila dakèy pou onore 20 fòmatè nan sistèm jidisyè ayisyen an.
Avoka, majistra ak lòt pèsonalite ki konpoze ansanm fòmatè sa yo ap gen pou rann yo nan peyi Lafrans nan lide pou ranfòse kapasite yo epi retounen nan peyi a pou vin pataje konesans yo ak lòt aktè nan sistèm jidisyè ayisyen an.
Nan diskou li pou okazyon an, Premye minis lan renouvle volonte gouvènman pou kontinye travay yon fason pou mete sou pye yon sistèm jidisyè pi efikas, modèn epi aksesib.











