Programme de Sensibilisation pour encourager l'intégration des femmes dans l'institution policière
mai 21, 2026 7:20 pm
Polis nasyonal Dayiti lanse, mèkredi 20 me a, yon kanpay sansibilizasyon pou ankouraje fanm yo entegre enstitisyon polisyè a.
Inisyativ sa fè pati pwogram apui ak PNH la pwogram Nasyonzini pou devlopman ap jere.
Kanpay sa vize tou ranfòse efektif fanm ki anndan lapolis la, ki pou kounya an minorite parapò ak gason yo.
Se nan deptaman Lwès pwogram nan kòmanse, annatandan li etann li nan rès depatman peyi a.
Nan okazyon an, yon seremoni òganize nan lokal direksyon jeneral PNH la, nan Taba, kote reprezantan divès enstitisyon k ap sipòte l te prezan, selon yon nòt biwo kominikasyon PNH la .











