Raina Forbin/Présentation du bilan de ses cinq premiers mois au MAEC

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Minis Afè Etranjè ak Kilt la, Raina Forbin, prezante, jedi 13 out 2026 la, bilan travay li reyalize pandan senk premye mwa li nan tèt MAEC ak nouvo refòm ki lanse nan Ministè a.

Pami refòm sa yo, Minis la prezante kat nouvo platfòm dijital ki vize ranfòse transparans, efikasite ak kalite sèvis ministè a ap bay sitwayen yo.

Yon lòt bò, minis lan mete aksan sou nesesite pou Ayiti ranfòse epi divèsifye patenarya bilateral ak miltilateral li yo, kontinye dyalòg ak Repiblik dominikèn, ranfòse relasyon ak lidè relijye yo epi elaji rezo diplomatik peyi a, atravè anbasadè ki pa rezidan ak konsil onorè yo.

Retour en haut