Rencontre entre le premier ministre Alix Didier Fils-Aimé et la directrice générale de l’OIM

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, ki te gen ak li minis Afè etranjè ak kilt la, Raïna Forbin, epi minis Sante piblik ak popilasyon an, doktè Sinal Bertrand, chita pale, mèkredi 23 septanm lan, avèk direktris jeneral Òganizasyon entènasyonal migrasyon an (OIM).

Diskisyon yo te chita sou sitiyasyon resòtisan ayisyen kap viv aletranje yo, sou kondisyon retou yo ak reyentegrasyon yo lè yo rantre. Se te okazyon tou pou ansanm responsab yo pale sou jesyon popilasyon deplase yo, reyentegrasyon epi kreye opòtinite pou jèn yo.

Nan okazyon an, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé souliye nesesite pou bay chak ayisyen yon retou onorab, espesyalman resòtisan ki ap fè fas ak difikilte pou dokiman yo.

2 enstans yo antann yo pou ranfòse koperasyon yo nan domèn reyentegrasyon ak dokimantasyon, sitou pou sila yo kap viv Kanada, Brezil, Meksik ak peyi yo ki fè pati « CARICOM ».

Retour en haut