RIBAN Ayiti / Célébration de la Journée nationale des droits de l’enfant
2 hours ago
RIBAN Ayiti, nan tèt kole ak Sosyete Kowoperativ Ayisyèn pou Relèvman Edikasyon òganize, dimanch 14 jen 2026 la, yon konkou desen sou tèm « Ann Desinen Lapè pou Ayiti », nan okazyon selebrasyon Jounen nasyonal timoun nan peyi Dayiti.
Atravè inisyativ sa a, timoun ki gen ant 6 ak 13 lane te envite eksprime rèv yo ak vizyon yo pou yon Ayiti ki chita sou lapè, respè ak solidarite.
Kòdonatris jeneral RIBAN Ayiti a, Kenia Dominique Pierre ak prezidan Sosyete Kowoperativ Ayisyèn pou Relèvman Edikasyon an adrese yo ak otorite yo, kote yo mande pran tout dispozisyon posib pou fè respekte dwa timoun yo nan peyi Dayiti











