Saison cyclonique / Message du DG de la DGPC
2 hours ago
Nan okazyon sezon siklonik la ki kòmanse lendi premye jen 2026 la, responsab yo nan Direksyon jeneral pwoteksyon sivil, ankouraje sitwayen yo pran tout mezi nesesè pou fè fas ak tout danje ki ta menase peyi a pandan sezon an.
Ranfòse kay yo, pwoteje dokiman enpòtan yo ak prepare yon plan ijans pou fanmi yo, se kèk nan rekòmandasyon direktè jeneral Direksyon jeneral Pwoteksyon Sivil la, Emmanuel Pierre, fè sitwayen yo nan yon mesaj li anrejistre nan okazyon premye jen an ki se kòmansman sezon siklonik la.











