Sud /Entretien entre le Premier ministre Alix Didier Fils-Aimé et le Cardinal Chibly Langlois
92 minutes ago
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé chita pale, jedi 13 out 2026 la, ak Kadinal Chibly Langlois, nana vil Okay.
Rankont sa te okazyon pou chèf gouvènman pale ak kadinal la sou plizyè sijè ki enterè pou nasyon an, epi wol esansyèl legliz katolik bò lòt konfesyon relijye yo nan lavi sosyal ak rechèch solisyon pou pèmèt peyi a soti nan kriz la.
Atravè demach sa, Premye minis la reyafime enpòtans dyalòg ak lidè relijye yo ak lòt fòs viv nasyon an pou plis kowezyon sosyal.
Pi lwen, chèf gouvènman renouvle volonte l pou pousuiv dyalòg ak tout sektè nan vi nasyonal an favè lapè, stabilite ak devlopman dirab.











