UEH / Célébration du 85e anniversaire de la Faculté d’Etnologie
95 minutes ago
Lane 2026 la fè Fakilte Etnoloji ki nan Inivèsite Leta Dayiti 85 lane depi l egziste. Pou make dat sa, gen yon seri aktivite kap reyalize pandan 2 jou, vandredi 29 ak samdi 30 me a.
« Sòti nan enstiti rive nan Fakilte : 85 lane memwa, konesans ak angajman » : se sou tèm sa aktivite yo ap dewoule.
Pou Vandredi 29 me a, etidyan yo òganize yon fwa kote diferan manje lokal ak pwodui atizanal ayisyen te ekspoze.
Pwofesè Jhon Picard Byron ansanm ak plizyè etidyan fè konnen aktivite sa a se yon gwo okazyon refleksyon sou wòl enstitisyon an nan sosyete ayisyèn nan.
Daprè yo, selebrasyon an pèmèt yo mete an valè kontribisyon Fakilte Etnoloji a nan pwoteksyon memwa, kilti ak konesans ayisyèn pandan plizyè deseni.











