ULCC – Soumisyon bay lajistis 120 rapò ankèt sou yon seri pèsonalite nan administrasyon piblik la

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Inite k ap batay kont koripsyon fè konnen tout manm Konsèy prezidansyèl la ki fè deklarasyon patrimwàn yo epi 90% nan minis ak sekretè Deta nan gouvènman an ki ranpli fòmalite sa a.
Jiskaprezan rete 2 minis ak 2 sekretè Deta ki poko fè deklarasyon patrimwàn yo, daprè ULCC ki raple se yon rezilta pozitif lè otorite yo deside ranpli fòmalite sa a ki rive fèt apre angajman enstitisyon an te pran nan sans sa a kote responsab yo te òganize jounen sou deklarasyon patrimwàn epi plizyè lòt aktivite sansibilizasyon.

ULCC fè konnen li soumèt bay lajistis 120 rapò ankèt sou yon seri pèsonalite nan administrasyon piblik la ki pa fè deklarasyon patrimwàn yo.
Enstitisyon an raple travay yo posib gras ak kontribisyon òganizasyon nan sosyete sivil la epi pwomèt l p travay nan lide pou kapab mete sou pye sistèm deklarasyon patrimwàn ki pi pèfòman.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut