Université Lumière / Faculté des sciences de la santé / Tenue d’une journée scientifique
115 minutes ago
« Vyolans an Ayiti ak aksè nan swen sante » se sou tèm sa Fakilte Medsin nan Inivèsite limyè reyalize 9èm edisyon Jounen syantifik yo ki kòmanse jedi 25 Jen 2026 la.
Nan okazyon an, responsab yo eksplike enpòtans sou jounen syantifik la genyen pou jèn yo ak inivèsite a. Yo fè pledwaye pou gen bon swen ak prizanchaj sou sante mantal ak swen sante nan yon kontèks kote vyolans tout kalte touche peyi a.











