PNH / Réaction des syndicats autour de la mort des 3 policiers dans l’Artibonite

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

SPNH17 ak Synapoha fè konnen yo touche anpil ak gwo dram ki frape PNH la, kote plizyè polisye mouri nan yon atak bandi nan baz gran grif fè sou yon gwoup polisye ki t ap mennen yon operasyon nan zòn Robert nan depatman Latibonit, vandredi 29 me la.

Pòt pawòl Synapoha, Matieuny Sidel, mande pou gen yon repons fò ki bay pou trake bandi yo ki pa sispann teworize popilasyon an.

Sou bò pa l, kowòdonatè SPNH-17 la, Garry Jean-Baptiste, plede pou gen operasyon sou tè, sou lanmè ak anlè ki fèt pou deloje tout bandi kèlkeswa kote yo ye.

Enspektè Garry Jean Baptiste mande pou gen bon jan pase men ki fèt nan lapolis la pou evite kèk deriv.

Retour en haut