MCFDF - Kandidati peyi dayiti aksepte pou pòs vis prezidan nan komite CEPAL la
août 26, 2025 1:48 pm
Peyi Dayiti Benefisye anpil avantaj aprè patisipasyon l nan 16èm konferans rejyonal fanm amerik latin ak karayib yo, selon minis Kondisyon Fanm ak dwa Fanm nan, Pedrica Saint Jean.
Anpil kontak pran avèk divès patnè k ap bay akonpayman teknik ak finansye nan domèn pwomosyon dwa fanm.
Li fè konnen tou kandidati peyi dayiti aksepte pou pòs vis prezidan nan komite CEPAL la ki la pou fè pwomosyon ak defans dwa fanm.











