Cap-Haïtien / Célébration de la fête Notre Dame de L’assomption

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Vil Okap selebre, samdi 15 out 2026 la, sen Patwon li, Notre Dame de l’Assomption epi 356 lane kreyasyon li.

Nan okazyon an, yon mès solanèl chante nan katedral Notre Dame Kap Ayisyen an, nan prezans plizyè otorite sivil, polisyè ak jidisyè epi anpil responsab politik ak pèsonalite nan sosyete sivil nan Kap Ayisyen an.

Selebran prinsipal la, achevèk metwopoliten kap Ayisyen an, monseyè Launay Saturené, nan omeli sikonstans li, mande otorite yo asime responsab yo pou peyi a kapab soti anba tout kalte kriz tankou ensekirite, enjistis ak banalizasyon lavi moun.

Retour en haut