MCC / Mesures sur la saison cyclonique

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Ministè killti ak kominikasyon, nan yon sikilè li pibliye, mande Direktè jeneral, Direktè santral ak tout direktè depatmantal konsène yo pran tout dispozisyon nesesè pou sekirize ansanm batiman nan administrasyon piblik la, si toutfwa yon katastwòf natirèl ta frape peyi a.

Desizyon sa, selon MCC a, ap pèmèt yo pwoteje eleman kiltirèl ak istorik peyi a.

Responsab yo nan Ministè Kilti ak Kominkasyon, nan sikilè sa, fè konnen moniman ak pak istorik yo dwe byen siveye pandan tout sezon siklonik lan.

Nan lide pou li asire l enstriksyon ki pase pandan peryòd siklonik lan respekte, minis kilti ak kominikasyon an, doktè Emmanuel Ménard, atravè sikilè sa, anonse l ap gen pou enspekte tout enstitisyon ki sou titèl ministè l ap dirije a.

Retour en haut