CCSIHPE/ Marche pacifique des petites commerçantes
2 hours ago
Kolektif sitwayen nan sektè enfòmèl ayisyen an ki regwoupe plizyè santèn ti machann nan zòn metwopolitèn Potoprens lan reyalize, madi 11 out la, yon mach pasifik soti plas Dessalines Chanmas pou rive devan ministè jistis nan avni Charles Summer, nan lide pou mande jistis ak reparasyon pou machann viktim yo pandan y ap mande sekirite ak akonpayman leta santral.
Ti machann sa yo mande otorite yo nan pi wo nivo Leta pou pran tout dispozisyon pou pèmèt yo retounen nan lavi nòmal yo, sitou sou channmas la.











