CEP / Lancement du processus d’accréditations des observateurs et des journalistes
2 hours ago
Konsèy Elektoral Pwovizwa lanse pwosesis akreditasyon pou obsèvatè elektoral ak jounalis yo, nan kad preparasyon pou pwochen eleksyon yo.
Nan sans sa a, responsab medya yo ansanm ak responsab òganizasyon obsèvasyon elektoral ki enterese yo envite pou vizite sit entènèt KEP a pou yo ka jwenn enfòmasyon sou pwosedi ak règleman ki etabli yo, nan objektif pou soumèt dosye demann akreditasyon yo bay Konsèy Elektoral Pwovizwa a.
Dosye ki konplè ansanm ak fòmilè ki ranpli epi siyen kòmsadwa dwe voye nan adrès elektwonik sa yo:
Pou òganizasyon obsèvasyon elektoral yo adres la se :
accreditation.observateurs@cephaiti.ht
Pou medya yo y ap gen pou soumèt dosye yo sou : accreditation.journalistes@cephaiti.ht
Apre verifikasyon ak analiz dosye yo soumèt yo, KEP a ap bay kat akreditasyon yo pou jounalis ak òganizasyon ki ranpli kondisyon pwosedi ak règleman ki etabli yo











