CEP / Prorogation du délai d'inscription des candidats
72 minutes ago
Konsèy elektoral pwovizwa anonse li pwolonje jiska dat 14 oktob 2026 pwosesi enskripsyon kandida yo.
Se aprè demand diferan estrikti politik yo epi diferan rankont konsèy la ak enterese yo desizyon sa vini. Sepandan, konsèy elektoral pwovizwa a raple desizyon sa pa afekte youn nan aktivite li te prevwa avan, nan kad pwosesis sila.
Li pwofite prezante ansanm dat ki te kenbe yo tankou soti 20 dawout pou rive 20 septanm se peryòd enskripsyon an liy yo.
Pou depoze pyès, kandida yo ap genyen soti 13 rive 22 septanm. Analiz dosye yo menm se soti 13 rive 28 septanm. 29 septanm se dat pou piblikasyon lis pasyèl kandida ki agreye yo.
Pou dosye ki konsène Biwo Kontansye elektoral kominal yo se soti 30 septanm pou rive 7 oktòb, pou deptamantal yo se 30 septanm pou rive 9 oktòb epi Nasyonal la rive 13 oktòb.
Lis defintiv kandida ki agreye yo ap pibliye 14 oktob, selon yon nòt KEP a mete deyò.











