Fin de TPS pour Haïti / OIDG / Réactions
101 minutes ago
Obsèvatwa entènasyonal pou demokrasi ak Gouvènans OIDG nan yon not pou laprès di li okouran lakou siprèm peyi Etazini mete yon bout man stati pwoteksyon pwovizwa a (TPS) pou Ayisyen yo.
OIDG mande gouvènman Premye minis Alix Didier Fils-Aimé pran tout desizyon nesesè pou evite kantite ayisyen ki pa legal yo gen pwoblèm ak otorite ameriken yo.
Yon lòt bò OIDG fè konnen fòk gen yon plan reyensèsyon sosyal ak demokratik, si toutfwa sitwayen ayisyen san papye yo ta dwe retounen an Ayiti.
Pou evite tout pwoblèm, Obsèvatwa a envite otorite ayisyen yo angaje yon dyalòg avèk dyaspora epi patnè entènasyonal yo pou kowòdone efò nesesè pou akeyi kòmsadwa sitwayen konsène yo.











