FPH / Lancement du premier synode national

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Federasyon Pwotestant DAyiti (FPH) lanse premye Sinòd nasyonal li, dimanch 26 jiyè a, nan Pòtoprens, nan prezans plizyè lidè relijye, responsab legliz ak envite espesyal.

Aktivite sa a, k ap dewoule soti 26 pou rive 29 jiyè, make yon etap enpòtan nan lavi òganizasyon an, paske li rasanble reprezantan legliz pwotestan yo pou reflechi sou avni legliz la ak kontribisyon li nan sosyete ayisyèn nan.

Aprè seremoni ouvèti a nan kapital la, travay yo kontinye nan depatman Nò a, kote patisipan yo ap pran tan pou diskite sou plizyè sijè ki konsène misyon legliz la, bon jan gouvènans, inite ant legliz yo, fòmasyon lidè yo, ansanm ak wòl legliz la devan gwo defi peyi a ap travèse.

Pandan plizyè sesyon travay, lidè relijye yo ap fè echanj opinyon, pataje eksperyans yo epi analize diferan pwopozisyon pou rive sou yon rezolisyon final.

Dokiman sa a pral tabli prensipal desizyon ak oryantasyon Federasyon an pou ane k ap vini yo.

Retour en haut