Le CSPN engage une nouvelle phase dans la reconquête du territoire national
99 minutes ago
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé prezide, jedi 17 septanm 2026, yon reyinyon espesyal Konsèy siperyè Polis nasyonal (CSPN), nan lokal direksyon jeneral Polis nasyonal la, nan Taba.
Plizyè manm Wo kòmandman PNH la ak divès otorite te patisipe nan rankont sa a, kote CSPN lan defini priyorite aksyon Leta nan zafè sekirite nan lide pou kapab restore otorite Leta a sou tout teritwa nasyonal la.
Selon Primati Repiblik la, otorite yo te pale sou pwogrè ki fèt patikilyèman nan Kenscoff ak Gresye nan kad operasyon pou reprann teritwa ki sou kontwòl gang ame yo.
Premye minis lan ki se chèf CSPN lan, pase direktè jeneral PNH la lòd pou ranfòse operasyon sa yo nan lide pou pwoteje popilasyon an, retabli otorite Leta, pèmèt moun ak byen sikile.
Chèf gouvèman an raple retablisman sekirite ak otorite Leta a se priyorite nan kad òganizasyon pwochèn eleksyon yo.











