Livres folie / 32e édition/ Réaction de Frantz Duval
102 minutes ago
Redaktè an chèf Jounal « Le Nouvelliste » la, ki se tou youn nan òganizatè « livres an folie », Frantz Duval, fè yon rale sou dewoulman 32èm edisyon an ki fèt 4 jen 2026 la.
Mesye Duval fè konnen li satisfè pou 32èm edisyon sa, ki se yon reyisit epi kontan wè kòman piblik la sitou jèn yo anbrase Inisyativ sa a, ki montre angouman yo pou liv.
Li ankouraje otè yo kontinye pwodui pou satisfaksyon piblik la.











