LNP / Cérémonie de graduation des élevés de la NS4
66 minutes ago
Yon total 300 elèv Nouvo Segondè 4 nan Lise Nasyonal Petyonvil gradye, dimanch 26 jiye a, pou mete yon bout nan etid klasik yo,
Seremoni sa dewoule nan prezans paran, responsab nan direksyon lise a, minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la epi Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, ki parenn pwomosyon sila a.
Parenn pwomotion an, Alix Didier FILS-AIMÉ, nan diskou sikonstans li, felisite gradye yo epi ankouraje yo rete sou menm lanse a, sa k ap ede yo atenn objektif yo vize pou avni yo.











