MAEC / Académie Jean Price Mars / Signature d’un protocole d’accord

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Akademi diplomatik Jean Price Mars, ki nan Ministè Afè etranjè, siyen, vandredi 4 septanm 2026, yon akò ak Akademi diplomatik ak konsilè ki nan ministè Ewòp ak Afè etranjè peyi Lafrans, nan lide pou kapab fòmalize epi ranfòse koperasyon ant 2 enstitisyon yo.

Seremoni an te dewoule nan kad aktivite ki rele «Fabrik diplomasi», responsab Ministè Afè peyi Lafrans òganize nan tèt kole ak anbasad Dayiti.

Se direktè akademi diplomatik ak konsilè peyi Lafrans lan, Didier Le Bret, ak anbasadè Ayiti nan peyi Lafrans, Louino Volcy, ki reprezante Akademi Jean Price Mars, ki siyen akò sa a.

Dokiman an pèmèt 2 enstitisyon yo tabli yon kad fòmèl pou devlope echanj epi poze bon jan aksyon nan zafè diplomasi.

Inisyativ sa a ap fasilite jèn diplomat yo benefisye, patikiliyèman fòmasyon epi pataje eksperyans yo.

Retour en haut