Mairie de Port-de-Paix / Hommage à François Cappoix dit Capoix La Mort

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Administrasyon kominal Pòdepè a òganize yon seremoni pou salye memwa François Cappoix yo te rele Cappoix Lamort.

Te gen aktivite tou tankou konferans-deba sou wòl estratejik Cappoix Lamort te jwe nan batay Vètyè, 18 novanm 1803, kote kouraj, detèminasyon ak lespri sakrifis li te kontribye nan viktwa lame endijèn nan, ki te louvri chemen pou endepandans peyi Dayiti.

Se te okazyon pou envite patisipan yo, espesyalman jèn yo, pou yo pran egzanp kouraj, entegrite ak lanmou Capois-La-Mort.

Otorite yo te depoze yon bouke flè nan pye estati Cappoix Lamort pou montre respè ak rekonesans yo gen pou li.

Défiler vers le haut